Fwa sa m oblije dakò toufe anba yon mas
24 juin 2020
Mitelson Maccéan, 18 an, renmen travay tèks pou kont li lè l lakay li. Se lakay manman l li jwenn enspirasyon pou l travay tèks li pou kont kò l. Lè l santi l rive nan bout li ka rive, li chèche wè yon grandèt nan kesyon ekri pou gade tèks la pou li. Apre analiz, kritik moun ki gen bon jan ladrès sou zafè literati, li retounen travay sa l ap ekri a. Li pa janm fatige reprann tèks la. Ekri pou Mitelson se yon antrenman pou lespri l ak vwa l. Mitelson renmen li anpil pou moun kapab tande vwa l k ap depoze. Fòk li jwenn akò, mizik tèks la pou l santi l byen. Mitelson Maccéan se yon atis ki jwe teyat, li fè pati klèb Jeunes auteurs haïtiens (JAH) ki fonksyone nan lokal Pyepoudre sou wout Boudon. JAH ki ankadre jèn nan zafè ekri ap mache sou direksyon Valérie Payen Jean-Baptiste ki jwenn asistans David Jean-Louis. Se avèk menm sansibilite atistik li ekri pou nou nan kad lit kont kowonaviris yon dezyèm tèks pandan l ap prepare yon twazyèm nan menm lojik pou sansibilize moun sou pandemi sa k ap fè aktyalite pa bò lakay panou ak nan mond lan.